Responsab Irakyen yo fè konnen 21 moun mouri pou pipiti ak 75 lòt blese lè yon kamikaz fonse yon vehikil andedan baryè yon pòs polis.
Atak la rive jedi 5 me a nan Hilla, yon vil kote Shiyit pou pifò ap viv sou yon distans anviwon 100 kilomèt o Sid Bagdad
Anketè yo di pifò viktim yo se polisye ki te rasanble andeyò building nan pou ranplase polisye ki t ap travay andedan an.
Ensidan an rive yon jou apre bonb ki te plase arebò yon wout ak lòt atak touye 5 moun pou pipiti nan vil Bagdad ak Karbala.