Accessibility links

Breaking News

Yon Koutje Rapid sou Menas Grangou nan Peyi d Ayiti


Foto Achiv: Timoun kap manje nan Òfelina Notre Dame nan Pòtoprens. 4 fevrieye 2010.
Foto Achiv: Timoun kap manje nan Òfelina Notre Dame nan Pòtoprens. 4 fevrieye 2010.

Daprè chif ki jwenn konfimasyon òganizasyon ki angaje sou teren an ann Ayiti, popilasyon ayisyèn an anba yon menas grangou ki kòmanse gen move konsekans sou plizyè rejyon nan peyi a.

Se yon sitiyasyon ki grav anpil lè n konsidere plizyè òganizasyon, ajans ou sèvis –nasyonal ak entènasyonal, ki okipe yo de ranfòsman sekirite alimantè --sa vle di y ap chache ogmante disponiblite manje nan peyi a, tankou Kowòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè, Plan Repons Imanitè, OCHA (Ofis Nasyon Zini pou Kowodinasyon Afè Imanitè), elatriye, -- ebyen, òganizasyon sa yo fè konnen yon afè de 2 milyon 600 mil ayisyen, swa anviwon yon 1/4 popilasyon an, pa jwenn manje oubyen pral gen difikilte pou yo jwenn manje pandan rès ane 2019 la.

Espesyalis yo site divès faktè ki ta eksplike kriz manje sa a. Pami faktè yo genyen dezas natirèl ki devaste pwodiksyon agrikòl la e touye betay atravè peyi a ; bès pouvwa dacha sitwayen yo avèk valè Goud la ki pa sispann bese devan dola ameriken an, eliminasyon posiblite pou popilasyon an resevwa sèvis de baz yo avèk, antwòt, yon reyalite sosyo-politik e ekonomik ki vin pi mal nan ane ki pase yo akoz yon ensekirite ki gen efè negatif sou lavi pèp ayisyen an an jeneral.

XS
SM
MD
LG