Ansyen chèf Fon Monetè Entènasyonal la, Dominique Strauss-Kahn, ka kite prison zile Rikers la, vandredi 13 me 2011 la pou l tann jijman li anba akizasyon pou vwad-fè seksyèl, pandan otorite yo ap ka suiv deplasman li gras ak yon aparèy elektwonik ki sou li.
Yon jij aksepte demann pou l lage prevni an sou yon kosyon 1 milyon dola, ak 5 milyon dola ke l prete pou bay kenbe, kote kay li sèvi kòm garanti. Sitwayen fransè a gen gad k ap ba l sekirite pandan l ap viv nan yon apatman ke l lwe mam Nouyòk. Li remèt otorite Etazini yo paspò li.
Kondisyon sa yo se yon mwayen pou otorite yo gen garanti ke Msye Strauss-Khan ap parèt devan tribinal anba akizasyon ke l te fè atak seksyèl sou yon dam ki t ap fè menaj nan yon otèl.