Accessibility links

Breaking News

Yon Jounalis Lavwadlamerik Ann Ayiti Jwenn Azil Politik Ozetazini


Yon jounalis ayisyen ki t ap resevwa menas lanmò poutèt repòtaj li t ap fè pou Lavwadlamerik rive Ozetazini kote li deklare “li rekonesan deske li menm ak fanmi l resevwa azil politik.”

Dapre yon nòt Lavwadlamerik pibliye jedi 30 septanm 2010 la, jounalis Sainlus Augustin debake Etazini semèn sa a e tousuit apre li te rive, li te remèsye Anbasad amerikèn ann Ayiti pou "asistans li ak apui solid l ap bay libète laprès.”

Mesye Augustin te kòmanse sibi menas lanmò apre yon ensidan nan yon biwo vòt nan vil Mayisad, ann avril 2009, nan jou eleksyon yo. Li t ap fè entèvyou ak elektè ki te fè konnen frè yon kandida te bat yo paske yo pat apiye kandidati li. Frè kandida a te di Sainlus Augustin l ap mouri ak tout fanmi l si li kontinye fè repòtaj sou ensidan an. 3 mwa pi ta nèg ame yo pa idantifye te tire plizyè kout zam sou kay mesye Augustin pandan li menm ak madanm ni t ap dòmi.

Direktè Vwadlamerik la, Danforth W. Austin, eksprime soulajman li daprèzavwa mesye Augustin ak fanmi l an sekirite kounye a. Mesye Austin di: “Nou rekonesan anvè mesye Augustin pou nouvèl li te konn bay depi Ayiti e nou remèsye òganizasyon ak sitwayen ki te pèmèt li chape soti anba sitiyasyon danje jounalis yo rankontre pafwa tousenpleman paske y ap fè travay yo.”

Plizyè gwoup media ak òganizasyon k ap defann dwa moun, pa egzanp Repòtè San Fwontyè, Komite pou Pwoteje Jounalis ak gwoup ayisyen S.O.S Jounalis, te lanse apèl bay otorite ayisyen yo pou yo mennen ankèt sou ensidan an e asire sekirite mesye Augustin ki te oblije antre nan kache pandan tout ane pase a .

Nan youn pami premye kontak Sainlus Augustin pran ak laprès apre arive l sou teritwa ameriken an, li te reponn kesyon Chèf Sevis Kreyol Vwadlamerik la, Ronald César.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyouRonald César ak Sainlus Augustin

XS
SM
MD
LG