Lavwadlamerik obsève vandredi 20 janvye 2012 la yon moman silans pou jounalis Mukarram Khan Aatif ki mouri anba bal militan Taliban madi 17 janvye 2012 la nan Pakistan. Yo tire l madi dènye pandan li t ap patisipe nan yon priyè nan yon mòske bò lakay li nan FATA (yon rejyon tribi ap viv gouvènman pakistanè a administre ).
Mesye Aatif t ap travay depi 2006 kòm repòtè Radio Deewa, yon pami 43 sèvis ki genyen nan Lavwadlamerik. Menm jan ak plizyè jounalis nan rejyon Azi di Sid la, li te resevwa anpil menas.
Plizyè konfrè li te asiste lantèman li 18 janvye ki sòt pase a. Jounalis nan Pakistan, pou montre solidarite yo mesye Aatif, deside boykote sesyon palman an e yo refize kouvri seyans yo toutotan otorite yo pa l ouvri yon ankèt pou detèmine kilès ki touye misye.
Direktè Konsèy Gouvènè Radyo Teledifizyon an (BBG, antite ki sou tèt tout sèvis nan Lavwadlamerik la), Walter Isaacson, pa mete dlo nan bouch li pou l kondane ak tout fòs “zak asasinay san sans sa a". Komite Pou pwoteksyon Jounalis yo, Depatman Deta Ameriken ak Repòtè San Fwontyè kondane asasinay Mukarram Khan Aatif la e yo lanse apèl pou mande yon ankèt total-kapital e ki transparan.
Yon lòt kote, pou onore memwa Mesye Aatif, Lavwad Lamerik ap ekspoze foto li nan galri radyo a kote ki genyen pòtre jounalis ki pèdi lavi yo nan egzèsis metye yo.