Accessibility links

Breaking News

Nouvo Lòd Chèf Lame Pakistanè pou Evite Atak Sou Fwontyè a


Jeneral Ashfaq Kayani
Jeneral Ashfaq Kayani

Chèf lame pakistanè a òdone fòs nan peyi li pou yo reponn kif-kif nenpòt agresyon ki ta fèt nan lavni arebò fwontyè ke Pakistan pataje ak Afganistan an san yo pa tann lòd ki ta soti anwo nan kòmandman lame a.

Sous militè pakistanè konfime ak LaVwadlamerik, Jeneral Ashfaq Kayani, di sòlda li yo pou yo reponn ak fòs “san yo pa sonje sa a reyaksyon an ka koute ni konsekans yo”, nenpòt lè gen yon ofansiv konsa nan lavni.

Lòd sa a vini apre bonbadman l OTAN ki te touye yon pakèt sòlda nan kèk pòs kontwòl sou fwontyè a, sa gen prèske yon semèn.

XS
SM
MD
LG