Marisol Valles k ap etidye kriminoloji prete sèman mèkredi 20 oktòb 2010 la kòm nouvo chèf polis rejyon Praxedis G. Guerrero ki toupre fwontyè amerikano-meksiken an.
Miss Valles ki se manman yon ti gason pral dirije fòs polis rejyon sa a ki genyen sèlman 13 polisye pami yo 9 fi.
Rejyon sa a ki nan eta Chihuahua genyen anviwon 100 mil abitan e zòn nan gen anpil vyolans ki makònen ak trafik dwòg.
Nouvo chèf-la deklare , li aksepte djòb la paske li vle pou moun sispann viv nan laperèz nan zònn nan.