Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Syantifik Ameriken Mete Sous Kolera a Nan Rejyon Azi di Sid


Ayiti: Syantifik Ameriken Mete Sous Kolera a Nan Rejyon Azi di Sid
Ayiti: Syantifik Ameriken Mete Sous Kolera a Nan Rejyon Azi di Sid

Syantifik ameriken k ap fè rechèch di tès yo fè sou vibrio epidemi kolera k ap touye moun nan peyi Dayiti a montre souch sa a genyen anpil chans pou se nan rejyon Azi di Sid la sòti, e ke li sanble ak youn souch yo jwenn nan peyi Bangladesh.

Syantifik yo pibliye evalyasyon yo jedi 9 desanm nan, men yo fè konnen yo pa kapab di kilès ekzateman ki pote maladi a ann Ayiti. Pou sa posib, li nesesè pou yo ta fè plis egzamen toujou pou yo idantifye sous egzat epidemi an.

Yon syantifik nan Inivèsite Harvard, Matthew Waldor, di done yo lese kwè genyen anpil-anpil posibilite pou maladi kolera k ap fè ravaj nan peyi Dayiti a sòti nan lòt rejyon e se moun ki pote li.

Nan yon deklarasyon misye Waldor fè e ke nouvèl la site, syantifik la di “analiz chèchè yo montre klè ke tip kolera ki Ayiti a diferan ak lòt tip ki egziste nan Amerik Latin ak nan rejyon Gòlf sou kòt Lèzetazini an.

Waldor pibliye yon atik sou maladi kolera a ki parèt jedi 9 desanm 2010 la nan The New England Journal Of Medicine.

Depi eklatman li nan mwa oktòb la, epidemi kolera a touye apreprè 2 mil moun ann Ayiti e enfekte plis pase 93 mil lòt.

Responsab Lasante nan peyi Etazini di souch epidemi kolera ki ann Ayiti a sanble kou 2 gout dlo ak tip ki egziste nan Azi di Sid la. Dekouvèt sa a vire atansyon moun sou yon baz Nasyonzini genyen nan rejyon an rivyè e ki genyen dechè li ki devèse flèv Atibonit la, nan Sant Ayiti.

Ayiti: Syantifik Ameriken Mete Sous Kolera a Nan Rejyon Azi di Sid
Ayiti: Syantifik Ameriken Mete Sous Kolera a Nan Rejyon Azi di Sid

Kèk twoup mentyen lapè Nasyonzini ki sòti nan peyi Nepal ---yon peyi nan rejyon Azi Sid la kote kolera egziste sou yon fòm andemik--- rive tou dènyèman nan zòn nan. Men Nasyonzini fè konnen li toujou pa genyen bonjan prèv pou detèmine sous epidemi Kolera ki Ayiti a, malgre akizasyon ki di maladi a genyen orjinn li nan kan sòlda nepalè yo.

Yon pòtpawòl Nasyonzini, Martin Nesirky, di tès ki fèt sou dlo ki sòti nan kan sòlda nepalè yo pa revele jèm Kolera. Bakteri Kolera a, se yon bakteri moun trape apre yo manje oubyen bwè dlo ki kontamine avèk li. Genyen tretman pou maladi Kolera a, men nan kèk èd’tan sèlman ( rele sa a anvan ou bat je-yo) li kapab touye youn moun.

Nan yon lòt devlopman, Depatman Deta Lèzetazini pibliye yon avi pou mande sitwayen ameriken ki pa vrèman vrèman genyen bon jan rezon ak nesesite pou yo ale Ayiti pa ale nan laba a. Nan avètisman sa a, Deptaman an pibliye jedi 10 desanm nan a, pou jistifye mezi a otorite yo site epidemi kolera a, zak kriminèl k ap fèt tribòbabò ak deblozay ki eklate souvan nan kapital la, Pòtoprens e ak nan lòt vil yo. Epitou li site limitasyon pwoteksyon polis nasyonal la kapab ba yo epi tou mank fasilite pou moun jwenn la swenyay si yo tonbe malad.

XS
SM
MD
LG