Accessibility links

Breaking News

Avni Jèn yo nan Peyi Dayiti?


Avni Jèn yo nan Peyi Dayiti?
Avni Jèn yo nan Peyi Dayiti?

Yon delegasyon jèn ayisyen patisipe nan yon rankont wo nivo sou avni jenès la Nasyonzini òganize. Diskisyon yo te santre sou Wòl Jèn yo nan avni Ayiti. Asistan Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, Anbasadè Albert Ramdim, te rankontre ak delegasyon an.

Responsab l'OEA a ki travay seryezman sou plizyè kesyon ann Ayiti te kolabore ansanm ak Mouvman Mondyal pou ti Moun yo, World Vision, Plan Entènasyonal, UNICEF ak KPMG pou fasilite patisipasyon 9 jèn ayisyen sa yo nan konferans la.

Dapre Asistan Sekretè Jeneral la Ramdin: “nan yon peyi kote 43% popilasyon an gen mwens ke 18 tan, jèn yo bezwen patisipe aktivman pou detèmine nan ki direksyon yo vle peyi a ale. Se jèn yo ki pral detèmine si wi ou non Ayiti kapab reyalize tout sa a resous li pèmèt li reyalize."

Diplomat wo plase a lanse apèl bay sektè prive nan rejyon an pou konsidere nouvo devlopman komèsyal ak pwojè edikatif ki vize jèn ayisyen yo.

Dapre Asistan Sekretè Jeneral OEA Albert Ramdin: "Nou bezwen kreye opòtinite ak yon klima kote jèn yo kapab kwè nan pwòp kapasite yo."

Jean Ederson Alphonse, youn pami jèn ayisyen ki te patisipe nan rankont nasyonzini an pale sou nesesite pou yo gen patisipasyon yo nan desizyon k ap pran nan moman kominote entènasyonal la ap travay ansanm ak gouvènman ayisyen an nan efò pou rekonstwi peyi a.

Alphonse deklare: "nou vle yo tande vwa nou, pa sèlman pou yo wè nou. Se peyi nou, nou vle patisipe nan opòtinite pou n ede peyi a avanse pou pidevan. "

Lòt jèn ayisyen ki te nan delegasyon an souliyen nesesite pou yo ka jwenn edikasyon, konesans, ak travay, bagay ki difisil pou yo jwenn.

Reprezantan espesyal gouvènman ayisyen an Daniel Supplice akeyi ak bra louvri diskisyon li te genyen ak jèn yo ansanm ak responsab Òganizasyon Eta Ameriken yo pandan rankont Nasyonzini an.

Li fè konnen gouvènman ayisyen an pran angajman pou l travay ak kominote entènasyonal la pou asire l gen plis opòtinite ki la a pou majorite jèn yo ann Ayiti. Mesye Supplice deklare bay patisipan yo stabilite alontèm peyi a depann de yo.

XS
SM
MD
LG