Yon gwo diplomat peyi Birmani, ki rele Kyaw Win, anonse li kite pòs li e li mande azil Ozetazini; paske, daprè sa l di, li pèdi espwa ke lidè birman yo pral pote chanjman demokratik nan peyi a nan yon avni previzib.
4 jiyè 2011 la, Misye Win -ki se 2èm pi gwo pèsonalite nan anbasad Birmani an nan Washington- ekri yon lèt li voye bay Sekretè-Deta ameriken an, Hillary Clinton, pou l di otorite peyi li rejte efò li deplwaye pou refòm fèt nan Birmani, e li pè pou l pa sibi pèsekisyon si l retounen nan peyi li.
Nan menm lèt la diplomat la ankouraje Lèzetazini pou l kenbe kèk sanksyon ekonomik byen presi kont lidè Birman yo ak alye yo genyen nan sektè komès ak endistri a, epi fè presyon pou yon komisyon dankèt entènasyonal al fè envestigasyon sou doye dwa-moun gouvènman an nan Birmani.
KILES KYAM WIN YE?
Kyaw Win ki, tankou nou di l deja, pran desizyon lendi 4 jiyè 2011 la pou l fè defeksyon e mande azil politik Ozetazini, se ofisyèl nimewo 2 nan anbasad Birmani an nan kapital federal amerikèn nan, Washington DC.
Se yon diplomat de karyè ki pase 31 lane ap travay pou Depatman Afè Etranjè Birmani an. Pandan plis pase 3 deseni sa yo, misye te okipe diferan pòs nan misyon diplomatik peyi li: nan Madrid (peyi Lespay), Jenèv (an Suis), New Delhi (nan peyi Lend), Brazilia (o Brezil) avèk Washington.
Depi 2008 li te vis-chèf misyon Ozetazini –kidonk, 2èm. otorite nan anbasad la aprè anbasadè a, li menm. Se pi gwo pozisyon yon sivil kapab okipe nan yon anbasad Birmani, puiske se yon militè ki nan pòs anbasadè a.
Sepandan, daprè sa misye Kyaw Win di, travay li fè pou l devlope bon jan relasyon avèk mond diplomatik la, kominote gouvènmantal la ak òganizasyon non-gouvènmantal nan Washignton, sanble pa fin nan gou otorite yo nan Birmani; se pou sa, dayè, li kite pòs li pou l mande azil Ozetazini, paske li pè pou sekirite pèsonèl li si l retounen nan Rangoon, kapital peyi li.
Li ajoute, rezon ki fè l mande fòmasyon yon misyon dankét pou al voye je sou dosye dwa-moun Birmani, se paske li sispèk gouvènman militè a komèt atwosite kont dwa pèp la --atwosite tankou asasina, zak kraze zo, vyòl, travo fòse, epi itilizasyon timoun kòm sòlda.
Nan yon mesaj li voye bay otorite militè yo, li di yo : « Piga nou pè demokrati, men pito se pou nou anbrase prensip demokratik yo; paske se sèl fason pou peyi a ale de lavan. »
Misye Kyaw Win marye; l ap viv nan Washington avèk madanm ni e yon pitit-fi yo. Li gen 2 pitit-gason ki deja gran moun e k ap viv lakay yo, toujou Ozetazini.