Accessibility links

Breaking News

Yon Fuit Petwòl Nan Nijerya se Rezilta Yon Aksyon Kriminèl


Pwogram Nasyonzini pou Anviwonman an (UNEP) di li espere mete fen, anvan fen mwa desanm 2010 la, nan yon evaliyasyon total l ap fè sou kòz ak konsekans yon seri de fuit petwòl k ap fèt nan rejyon Ogonilan, nan Deltè flèv Niger la, nan peyi Nijera. UNEP di ankèt sa a montre pi fò nan fuit sa yo genyen kèk men kriminèl dèyè yo, se pa rezilta defayans sistèm nan.

Rapò UNEP a pral ofri premye apèsi konplè sou sitiyasyon anviwonnman an nan rejyon Ogoniland nan. Kowòdinatè pwojè a, Michael Cowing, di se pi gwo ankèt syantifik ke ajans la janm lanse. Li kontinye pou l di gen 10 zan deja depi fuit sa yo ap fèt nan Delta Niger la; men yo pa jwenn menm nivo atansyon ak fuit ki fèt nan Gòlf Meksik la. Daprè misye Cowing toujou, genyen yon diferans fondamantal ant 2 sitiyasyon sa yo; fuit ki frape Gòlf Meksik la ak lòt ensidan enpòtan konsa ki rive atravè lemond --tankou afè Amoco Cadiz la-- se rezilta aksidan operasyon.

Se gouvènman peyi Nigeria a ki te envite UNEP, nan lane 2007, pou l fè etid la ; e ajans la te kòmanse travay ann oktòb 2009. Gwoup syantifik yo sipoze fin ranmase echantiyon dlo, plant, tè ak bèt nan fen mwa sa a.

Michael Cowing di rapò UNEP a pral atake rasin pwoblèm nan ; li di li dakò ak kritik kap d moun k ap viv nan rejyon Ogoniland ap vòlè petwòl la, paske gouvènman an ap eksplwate yo paske li pa vle ba yo sa yo merite nan lajan Leta antre nan lavant pwodui sa a.

Etid UNEP a pral fè gouvènman an rekòmandasyon sou dispozisyon ki apwopriye pou netwaye anvironnman nan Ogoniland. Ajans la atann ni aske operasyon netwayaj la pral koute yon pakèt kòb e sa ka pran nenpòt 10 zan pou yo fin fè travay la.

XS
SM
MD
LG