Accessibility links

Breaking News

Yon Etid Montre Jwèt Videyo Entèaktif Ka Ede Lite Kont Maladi Obezite(gwo patat) Kay Jèn yo


Yon Etid Montre Jwèt Videyo Entèaktif Ka Ede Lite Kont Maladi Obezite(gwo patat) Kay Jèn yo
Yon Etid Montre Jwèt Videyo Entèaktif Ka Ede Lite Kont Maladi Obezite(gwo patat) Kay Jèn yo

Paran ak edikatè toujou genyen kè sote poutèt jèn moun yo alèkile pase twòp tan devan òdinatè ap jwe jwèt videyo e ke yo pa fè ase egzèsis.

Jounen jodiya, kote epidemi “moun gra, moun gwo patat yo” gaye nan mitan timoun ak jèn, pwoblèm pwa a reprezante yon sous kè sote pou paran yo. Erezman, yon ekip chèchè fenk dekouvri ke yon seri de jwèt videyo entèaktif kapab ede yo redui pwoblèm sa a e pouse timoun yo fè plis egzèsis.

Bruce Bailey, pwofesè Syans pou egzèsis fizik nan Brigham Young University, di: “sa nou jwenn, sè ke kalte jwèt videyo sa yo kapaba ogmante aktivite fizik yo, sòt nan yon nivo modere pou pase nan yon fason entansif si ou chwazi ki kalite jwèt videyo ak nivo ou vle yo pratike jwèt sa yo. E si timoun yo patisipe, se yon bagay ki ka chanje fason moun pratike aktivite fizik Ozetazini.”

Pwofesè Bailey ak kòlèg li yo etidye diferan efè tip jwèt videyo entèaktif popilè yo sou 39 timoun ki nan laj 11 an. Avèk jwèt sa yo, mouvman moun k ap jwe a al jwenn dirèkteman yon òdinatè ki anrejistre e retransmèt jès ak mouvman li yo).

Espesyalis yo rekòmande pou timoun chwazi pami jwèt videyo ki rele “exergames” oswa jwèt egzèsis, tankou bòks, dans, ak foutbòl. Yo te fè timoun yo mache sou yon tapis roulant kap defile a 3 miles/hr pandan 3zèd’tan. Rezilta yo montre timoun yo itilize plis enèji ak 5 ou 6 jwèt videyo yo.

Ekspè yo dakò, ke anpil tan sou entènèt la, gade televizyon ak lòt aktivite jwe yon gwo wòl nan epidemi “eksè pwa” kay timoun ameriken yo.

Yo espere ke jwèt videyo ka p ankouraje aktivite fizik ka ede kontre tandans sa a e, petèt, ankouraje timoun yo patisipe kèk fòm egzèsis ak lòt spo moun pratike deyò “au grand air”.

XS
SM
MD
LG