Accessibility links

Breaking News

Yon Eksplozyon nan Afganistan Tiye 17 Sivil


Yon Eksplozyon nan Afganistan Tiye 17 Sivil
Yon Eksplozyon nan Afganistan Tiye 17 Sivil

Lapolis nan Afganistan fè konnen yon bonm yo plase sou yon wout eksploze e touye omwen 17 sivil nan pwovens Helmand ki nan pati sid peyi a. Otorite yo di viktim yo mouri vandredi 29 jiyè 2011 la lè yon mini bus frape yon bonm nan distri Nahri Sarraj. Poko gen okenn gwoup ki pran responsabilite pou atak sa a .

Nan dat jedi 28 jiyè 2011 la , otorite afgan yo te fè konnen militan sèvi ak eksplozif ak zam a fe pou lanse yon atak inèdtan sou kèk bilding gouvènmantal nan pwovens Uruzgan, ki nan pati sid Afganistan e se atak ki fè plis san koule nan mwa pase yo. Rebèl Taliban yo pran responsablite pou ofansiv byen kowòdone a ki touye omwen 19 moun e blese 37 lòt.

XS
SM
MD
LG