Accessibility links

Breaking News

Yon Ayisyen Ranplase Maarten BOUTE Nan Tèt Digicel


Digicel haiti
Digicel haiti

Sou kont twitter li, Digicel prezante piblik la Jean Philippe Brun ki vinn Direktè Jeneral konpayi an, kom ranplasan Maarten BOUTE.

Jean Philippe Brun se premye Ayisyen ki okipe pozisyon sa a.

Nan nòt ke Digicel te poste sou kont twiter li di "Nou kontan prezante tout kliyan nou yo nouvo direktè jeneral Digicel Haiti Jean Philippe Brun, ki se premye Ayisyen ki okipe pòs sa nan Digicel e n ap felisite l pou sa e swete l bon siksè".

Misye Maarten BOUTE ki pral rete kòm Prezidan Konsèy Administratif nan konpayi an, te felisite Jean Philippe pou nouvo pozisyon sa li pral okipe nan konpayi a. "Mwen gen onè prezante n @jpbrun30 kòm nouvo Direktè Jeneral @DigicelHT. Se 1e Ayisyen natif natal ki okipe pòs sa e se kouwònman 14 ane eksperyans pou JP. Bravo pou pakou w e mwen swete w bon siksè. Pa bliye m ap toujou la pou ou #AnsanmNouPiFò"

Dapre enfòmasyon ki sou LinkedIn, Jean Philippe Brun te kòmanse travay avek Digicel an 2016 li te okipe plizyè pozisyon pandan 5 an li fè ap travay ak konpayi a.

XS
SM
MD
LG