Accessibility links

Breaking News

Yon Avi Vijilans Pou Syklòn Julia


Sant nasyonal Ouragan ameriken an ki baze nan Miami presize silkòn nan gen van k ap soufflé a 65 kilomèt alè e li kapab pran plis fòs disi mèkredi 15 septanm 2010 la.

Responsab yo fè soti yon avi ki mande popilasyon an vijilans nan rejyon sid zile Kap Ver yo . Pandansetan, siklòn Igor ap kontinye wout li nan direksyon lwès sou Oseyan Atlantik la avèk van k ap soufle a 240 kilomèt alè.

Espesyalis meteyo yo di Igor kapab pran fòs lendi 13 septanm la pou l tounen yon siklòn kategori 5 --- se pi wo nivo a nan echèl klasman siklòn ki pran nesans sou Oseyan Atlantik la .

Pi ta nou va wè dispozisyon otorite yo ann Ayiti pran pou yo pwoteje popilasyon an –sitou moun ki anba tant yo--- kont move konsekans Igor kapab genyen pandan l ap pwoche sou peyi a.

XS
SM
MD
LG