Accessibility links

Breaking News

Yon Atak nan Somali fè 60 Mò


2 atakan suisid te kondi yon kamyon nan pòtay enstalasyon gouvènmantal somalyen an, anvan li te sote bonm nan lotbò a vè zonn 11 zè dimaten, lè lokal
2 atakan suisid te kondi yon kamyon nan pòtay enstalasyon gouvènmantal somalyen an, anvan li te sote bonm nan lotbò a vè zonn 11 zè dimaten, lè lokal

Yon gwo kamyon ki chaje ak bonm sote nan yon lokal gouvènman Somali a nan Mogadiscio, kote li touye 60 moun e blese preske 150 lòt.

Gwoup rebèl Al-Shabab la pran responsablite atak la, kote li fè konnen eksplozyon yo te vize gouvènman federal tranzisyon ansanm ak inyon afrikèn nan, k ap bay ekip ki sou pouvwa a asistans.

Kèk temwen deklare bay sèvis somalyen Lavwadlamerik la, 2 atakan suisid te kondi yon kamyon nan pòtay enstalasyon gouvènmantal somalyen an, anvan li te sote bonm nan lotbò a vè zonn 11 zè dimaten, lè lokal.

Direktè 2 lopital, Medina ak Bandir, fè Lavwadlamerik konnen genyen anviwon 147 kretyen vivan ki blese nan atak la.

XS
SM
MD
LG