Accessibility links

Breaking News

Yon Atak nan Pakistan Tiye 9 Moun


Sitwayen Pakistanè
Sitwayen Pakistanè

Lapolis nan Pakistan fè konnen yon machin pyeje touye omwen 9 moun e blese 30 lòt nan pati nòdwès Pakistan, alòske yon machin gouvènman an ki pran nan yon anbiskad touye omwen 6 moun.

Otorite yo di kamikaz la te fè eksplozyon an nan vil Hangu tou prè rejyon kote tribi ap viv e se kote tou konbatan Taliban ak al-Qaida ap opere.

Omwen 4 polisye te pami moun ki viktim yo. Ensidan sa a fèt nan yon zòn rezidansyél e gen omwen 7 kay ki kraze. Lapolis di machin pyeje a te gen omwen 300 kilogram eksplozif.

XS
SM
MD
LG