Accessibility links

Breaking News

Yon Atak ak Zam nan yon Otèl nan Nairobi, Kenya Ta Fè Plizyè Blese


Moun kap kouri kite yon otèl kote yon eksplozyon ta fèt nan Nairobi, Kenya madi 15 janvye 2019 la. Gwoup militan teworis Al-Shabaab revandike atak la. (Foto: Luis TATO / AFP)
Moun kap kouri kite yon otèl kote yon eksplozyon ta fèt nan Nairobi, Kenya madi 15 janvye 2019 la. Gwoup militan teworis Al-Shabaab revandike atak la. (Foto: Luis TATO / AFP)

Eksplozyon ak kout fizi dewoule nan otèl Dusit D2 a ak plizyè biwon nan katye lelit nan Nairobi, Kenya. Yon respnsab polisye ki t ap pale ak larprès apre atak la di ensidan an sanble ak yon atak teroris.

Responsab la di gen blese men li pat anmezi pou l di kantite a. Video Ajans Nouvèl Associated Press montre machin k ap boule devan otèl la. Moun te kapab obsève fòs de lòd yo ki t ap eskòte plizyè moun.

Travayè yo di yo te tande plizyè kout zam. Sèvis Somali Lavwadlamerik la rapòte group militan Al-Shabab, ki baze nan Somali, sanble ta pran responsabilite atak la. Nouvèl yo pa di si gen blese.

XS
SM
MD
LG