Accessibility links

Breaking News

Yon Ansyen Prizonye Kiben Rive nan Chili


Youn nan 20 prizonye politik kiben ki te jwenn libète yo sa pa gen lontan, rive nan peyi Chili kote li menm ak madanm ni jwenn refij. Non kiben sa a se Jose Ubaldo Izquierdo.

Mesye Izquierdo te gen nan men n drapo 2 peyi yo, (Kiba ak Chili) mèkredi 4 out la lè li menm, madanm ni ak lòt manm fanmi l te debake nan Santiago, Chili, kote minis afè etranjè chilyen an Alfredo Moreno te vin akeyi l .

Mesye Izquierdo remèsye responsab yo ki akeyi l --n ap site pwòp pawòl li : "nan yon peyi ki reprezante yon egzanp nan zafè dwa moun nan 20 dènye ane yo."

Pandan setan, nan Kiba, medya leta yo anonse ansyen Prezidan Fidel Castro, ki gen 84 an, ap gen pou li fè yon parèt nan yon sesyon espesyal palman an pou premye fwa depi 2006, ane kote li te pase rèn pouvwa a bay ti frè l la, Raul Castro .

Anons la, ki parèt mèkredi 4 out la, presize Asanble Nasyonal Kiba a pral diskite sou plizyè sijè ki gen rapò ak sitiyasyon mondyal la , men li pa bay plis detay.

XS
SM
MD
LG