Accessibility links

Breaking News

Yon Ansyen Prezidan Ondiras ki ann Egzil nan Repiblik Dominikèn, Pra l Kapab Retounen nan Peyi li


Ansyen Prezidan Manuel Zelaya
Ansyen Prezidan Manuel Zelaya

Yon akò pral pèmèt ansyen prezidan dechouke Ondiras, Manuel Zelaya, retounen nan peyi li e konsa Ondiras ap kapab retounen nan l’OEA (Oganazasyon Eta Ameriken yo).

Mesye Zelaya jwenn antant sa a ak Prezidan Porfirio Lobo ki sou pouvwa a aktyèlman nan Ondiras . 2 mesye yo souri e yo bay lanmen dimanch 22 me a nan moman yo t ap siyen akò a nan vil Kartajèn, nan peyi Kolonbi.

Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, ak prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, te fasilite negosyasyon ki debouche sou akò sa a ki ouvè pòt la pou mesye Zelaya retounen Ondiras san menas pou l ta ale nan prizon.

XS
SM
MD
LG