Accessibility links

Breaking News

Etazini Espere Larisi Ap Kowopere ak Lajistis sou Arestasyon 4 Sispèk Ki Te Desann Avyon Malezi a


Gwoup ame Larisi ap sipòte yo pran foto avyon Boeing 777, avyon Malezi a.
Gwoup ame Larisi ap sipòte yo pran foto avyon Boeing 777, avyon Malezi a.

Sekretè deta ameriken an, Mike Pompeo fè konnen li byen akeyi nouvèl mizan-akizasyon 4 moun yo sispèk ki ta mele nan desann yon avyon Malezi nan lane 2014 e li espere Larisi ap kolabore avèk ankèt la.

Envestigatè entènasyonal yo idantifye sispèk yo kom 3 sitwayen ris -- Igor Girkin, Segey Dubinskiy ak Oleg Pulatov ak yon ukrenyen Leonid Karchenko -Prokirè yo akize tou le 4 pou krim.

Chèf diplomasi ameriken nan, lanse apèl pou mande Larisi pou l asire sispèk yo ki nan Larisi kounye a fè fas a la jistis. Vòl 17 avyon Malezi a tap soti Amsterdam pou li ale Kuala Lumpur lè li te sote nan Lès Ikren 17 jiyè 2014. Tout 298 moun ki te abò a pedi la vi yo.

XS
SM
MD
LG