Accessibility links

Breaking News

Yemèn: Nouvèl Sou Eta Sante Prezidan Ali Adbala Saleh


Prezidan yemen nan Ali Abdullah Saleh (AP Photo/Mohammed Hamoud)
Prezidan yemen nan Ali Abdullah Saleh (AP Photo/Mohammed Hamoud)

Responsab sekirite yemenit yo ap fè preparasyon pou yo kontwole manifestasyon kèk gwoup rival ap mete sou pye aprè otorite yo fin deklare Prezidan Ali Adbala Saleh pa nan swen entansif ankò nan yon lopital militè nan peyi Arabi Sawoudit kote l ap resevwa tretman pou blese li te resevwa semèn pase a, nan yon atak ki te fèt sou kay li nan Yemèn.

Dapre otorite sawoudyen ak yemenit ki t ap abòde dosye a jedi 9 jen 2011 la nan Riyad, kapital Arabi Sawoudit, misye Saleh twouve l nan yon kondisyon estab, e nan jou k ap vini la yo doktè li yo pral fè chiriji estetik pou li.

Moun pa wè Prezidan Saleh -kap fè fas ak gwo pwoblèm nan peyi li-- depi li te kite Yemèn nan yon avyon pou l t al resevwa tretman medikal nan Arabi Sawoudit

XS
SM
MD
LG