Accessibility links

Breaking News

Wout Vid, Stasyon Gaz Fèmen: Ayisyen ap Goumen Pou Jwenn Gaz


A man carries containers used for oil and gasoline during fuel shortages in Port-au-Prince, Haiti October 30, 2021. Picture taken on October 30, 2021.
A man carries containers used for oil and gasoline during fuel shortages in Port-au-Prince, Haiti October 30, 2021. Picture taken on October 30, 2021.

Plizyè douzèn ayisyen te rasanble alantou kèk ponp gaz nan Pòtoprens vandredi 5 Novanm pou yo wè si yo te ka jwenn kèk gaz.

''Mwen gen twa jou depi map vini la a pou achte gazolin. Mpa jwenn. Li frape transpò piblik yo, motosiklèt, kamyon. Moun ki refize sispann kondui dwe peye anpil lajan pou jwenn on ti gaz ,'' deklarasyon Steeve Kenny Michel.

Pwoblèm rate gaz la kite moun yo ak yon minimòm opsyon pou transpò. Rate gaz la fòse kèk biznis fèmen pòt yo, lopital yo sispann resevwa pasyan paske jeneratè yo pa gen ase gaz pou fonksyone.

Yvener Gustave, kise yon chofè nan kapital la di ''Li enperatif pou mwen vann machin mwen an epi kite peyi sa a. Sa fè 22 jou depi mwen pa kapab travay. Mwen dwe ale.''

Peyi a ap lite ak mank ak gaz apre asasina Prezidan Jovenel Moise depi 7 jiyè pase a. Eleksyon ki te pwograme pou kòmansman Novanm te ranvwaye apre Premye Minis Ariel Henry te revoke konsèy elektoral pwovizwa a ki la pou òganize eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG