Accessibility links

Breaking News

Wi! Ayiti Ap Patisipe Nan Jezolenpik Peken yo


Ayisyen Richardson Viano desann morn nan pandan kous gran chelem maskilen an nan chanpyona mondyal ski a nan Cortina d'Ampezzo, Itali, 19 Fev. 2021.
Ayisyen Richardson Viano desann morn nan pandan kous gran chelem maskilen an nan chanpyona mondyal ski a nan Cortina d'Ampezzo, Itali, 19 Fev. 2021.

Ayiti ap patisipe nan jezolenpik Peken 2022 yo. Wi! Vreman vre. Dapre direktè komite olenpik Ayisyen nan (COH) Hans Larsen, Richardson Viano - yon jèn skiyè 19 an deja kalifye. Non sèlman Viano kalifye men li se pi jèn atlèt ki kalifye nan kategori kote li tap fè konpetisyon. Li fini pami 50 pi bon pami pi bon yo.

Yon dezyèm atlèt, Makenson Florindo, ki te patisipe nan jezolenpik jenès 2020 yo nan Lausanne, gen anpil chans pou'l kalifye tou, dapre sa Misye Larsen di nou.

"Tout bagay regle tankou yon kwonomèt Swis," Larsen di VOA.

Ayiti ap Fe Preparasyon Pou Jezolenpik Peken yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:36 0:00


VOA Kreyol mande misye Larsen si boykotaj diplomatik Etazini an pral afekte patisipasyon Ayiti.

"Nou panse ke boykotaj la pap menm afekte atlèt Ameriken yo. Se yon boykotaj politik li ye ak diplomatik se pa yon boykotaj spotif li ye. Spotif yo ap prezan," misye deklare.


Nou te koze ak Misye Larsen pandan yon seremoni espesyal pou batize nouvo katye jeneral COH la nan Petionville, ki te gen prezans plizyè envite - pami yo, diplomat La Chin.

Wilner Bossou kontribye a repotaj sa a depi Potoprens.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG