Accessibility links

Breaking News

Washington Mete Ayiti Sou Lis Nwa Kòm Pwodiktè ou Peyi Tranzit Pou Dwòg Antre Ozetazini


Washington Mete Ayiti Sou Lis Nwa Kòm Pwodiktè ou Peyi Tranzit Pou Dwòg Antre Ozetazini
Washington Mete Ayiti Sou Lis Nwa Kòm Pwodiktè ou Peyi Tranzit Pou Dwòg Antre Ozetazini

Dapre yon rapò ki soti nan Deptaman Deta ameriken , Ayiti twouve l nan yon lis 22 peyi otorite amerikèn yo pibliye pou di peyi sa yo se pi gwo pwodiktè dwòg oswa pi gwo zòn tranzit pou fè dwòg antre Ozetazini.

Pami peyi sa yo genyen Afganistan, Bahamas , Repiblik Dominikèn, Jamayik, Venezuela , Bolivi , Kolonbi, Meksik , Panama. Salvador ak Beliz se 2 nouvo peyi ki pat la nan rapò 2010 la e ki prezan nan lis ane sa a .

Lis sa a soti dapre yon lwa amerikèn ki rele Otorizasyon Relasyon eksteryè (Foreign Relations Authorization Act / FAA ) kote prezidan ameriken an mande chak ane pou fè kongrè a konnen peyi ki pi gwo pwodiktè dwòg ilegal oubyen k ap jwe wòl tranzit nan trafik dwòg ilegal e ki gen konsekans sou Lèzetazini. Rapò a konsidere tou peyi fè e kòm rekonpans ap resevwa asistans nan men Etazini.

Rapò sa a ki soti chak ane chita pozisyon jeografik ak faktè ekonomik e komèsyal ki fasilite trafik dwòg oubyen ki pèmèt dwòg antre sou teritwa ameriken an. Non yon peyi nan lis sa a , se lè peyi sa a pa ranpli obligasyon entènasyonal li konsènan akò ak konvansyon li te siyen pou men-nen lit anti-nakotik.

Pami 22 peyi ki parèt nan lis la , prezidan an presize gen 3 an palan de Bolivi, Birmani ak Venezuela ki pa fè ase pandan 12 dènye mwa ki sot pase la yo pou respekte ogligasyon ak akò entènasyonal yo te siyen nan zafè lit kont trafik dwòg ilegal.

Nan ka Bolivi ak Venezuela , prezidan an kanpe sou sanksyon Washington te dwe pran dapre lalwa amerikèn, yon fason pou Etazini kapab kontinye sipòte pwogram espesyal nan benefis pèp bolivyen ak venezuelyen an.

XS
SM
MD
LG