Isit Ozetazini, 6 kandida demokrat pou pòs prezidan an pral patisipe, nan sware jodi madi 14 janvye 2020 an, nan yon deba kote yo pral tope kòn yo sou gran dosye nasyonal e entènasyonal yo anvan elektè Eta Iowa, ki nan santwès peyi a, jete bulten yo nan premye eleksyon primè pou ane elektoral sa a epi fè konnen kilès pami 6 la yo vle chwazi pou al fè fas ak prezidan Donald Trump nan eleksyon prezidansyèl novanm pwochen an. Nan moman Pati Demokrat la ranfòse kondisyon yo pou yon kandida patisipe nan deba yo, evennman madi swa a pral dewoule avèk pi piti kantite kandida a depi seri a te kòmanse nan mwa jen 2019 la.
Kandida kap sou podyòm nan se: Ansyen Vis Prezidan Joe Biden, Senatè Bernie Sanders, Senatris Elizabeth Warren, ansyen majistra kominal vil South Bend, nan Eta Indiana, Pete Bittigieg, Senatris Amy Klobachur, ak milyadè Tom Steyer... Eta Iowa, kote ou jwenn yon popilasyon anviwon 3 milyon moun, kap viv nan rejyon rival sitou e kote majorite a se blan, pa telman reprezante majorite pèp ameriken an nan totalite li. Sepandan, chak 4 tran, li jwe yon wòl enpòtan nan kous a la prezidans la kòm premye eta ameriken kote sitwayen yo (demokrat kou repibliken) vote nan kad yon kanpay elektoral ki dire plizyè mwa.