Accessibility links

Breaking News

Vwayaj diplomatik Prezidan Venezuelyen an


Prezidan Venezuela a, Hugo Chavez pral fè yon virewon a letranje ; yon vwayaj ki pral Mennen lidè venezuelyen an nan Larisi, Bielarus, Ukrèn, Iran, Siri avek Pòtigal.

Nouvèl ki soti Venezuela fè konnen mesye Chavèz pati madi 12 oktòb 2010 la e li pral fé yon virewon k ap dire 10 jou.

Premye eskal mesye Chavez se Moskou. Larisi ak Venezuela fòje relasyon sere pandan msye Chavez sou pouvwa a, avèk Larisi ki vinn tounen yon prensipal founisè zam pou Nasyon Amerik di Sid la.

XS
SM
MD
LG