Accessibility links

Breaking News

Vòt nan Kongrè Ameriken an sou Dèt Lèzetazini an


Vòt nan Kongrè Ameriken an sou Dèt Lèzetazini an
Vòt nan Kongrè Ameriken an sou Dèt Lèzetazini an

Sena ameriken an genyen pou l vote madi 2 out la sou yon pwopozisyon-lwa konpwomi k ap koupe sou depans leta federal la epi leve nivo plafon dèt nasyonal la.

Si gran kò a vote pou apwouve pwopozisyon-lwa a, sa byen kapab mete fen nan yon kriz ki dire plizyè semèn kote moun te gen kè-sote pou Lèzetazini pa t kite pase dat li genyen pou l peye dèt li.

Sena a sipoze vote sou pwopozisyon an vè midi, lè Washington (donk, 11 zè di maten, lè Ayiti) swa 12 zèdtan anvan lè kote gouvènman ameriken an pa t ap genyen kòb pou l peye lajan li dwe.

Nan sware lendi premye out la, dokiman an te pase pi gwo tès li lè Chanm dè Reprezantan an (kote repibliken yo genyen majorite a) te vote pou yo apwouve plan an. Vòt la se 269 pou e 161 kont.

Si Sena a apwouve pwopozisyon an tou, Kongrè a pral voye l devan Prezidan Barack Obama ki deja anonse li pa ka tann pou l mete siyati l anba dokiman an pou fè l tounen yon lwa aplikab imedyatman.

Lwa sa a ta pèmèt gouvènman ameriken an kontinye prete lajan rive jous nan fen ane 2012, a kondisyon pou li koupe sou taks yo yon valè lajan k ap monte rive apeprè yon trilyon dola pandan 10 lane k ap vini la yo.

Se konsa tou lwa a ap mande kreyasyon yon komisyon k ap gen ladan n reprezantan 2 pati yo (Demokrat ak Repibliken) pou chache konnen ki lòt kote leta ameriken kapab koupe yon lòt sòm yon trilyon 500 milya dola sou depans li yo.

XS
SM
MD
LG