Accessibility links

Breaking News

Kurt Volker, ansyen reprezantan espesyal Lèzetazini pou Ikrèn, ap Fè Depozisyon Li nan Kongrè a


Kurt Volker, Reprezantan Espesyal Lèzetazini pou Ikrèn, ki t ap pale nan yon entèvyou avèk azjans nouvèl Reuters nan Kyèv, nan Ikrèn, nan dat 28 oktòb 2017. (Foto: REUTERS/Valentyn Ogirenko).
Kurt Volker, Reprezantan Espesyal Lèzetazini pou Ikrèn, ki t ap pale nan yon entèvyou avèk azjans nouvèl Reuters nan Kyèv, nan Ikrèn, nan dat 28 oktòb 2017. (Foto: REUTERS/Valentyn Ogirenko).

Anplwaye nan 3 komisyon Chamm Depite ameriken an, k ap mennen ankèt sou Prezidan Donald Trump ak peyi Ikrèn, genyen pou yo fè depozisyon yo nan yon sal ak tout pòt fèmen jedi 3 oktòb 2019 la ansanm avèk Kurt Volker ki te jwenn nominasyon li, sa pa gen lontan, kòm anvwaye espesyal ameriken nan peyi Ikrèn. Gen anpil chans pou kesyon yo santre sou yon konvèsasyon telefonik ki te dewoule nan mwa jiyè pase a ant Prezidan Donald Trump avèk prezidan ikrenyen an, Volodimyr Zelenskiy, sou aksyon Misye Volker te poze apre kout-fil sa a avèk aktivite avoka pèsonèl Prezidan Trump, Rudolph Guliana, konsènan swadizan akizasyon kòmkwa Misye Trump te fè presyon sou Misye Zelenskiy pou l te mennen ankèt sou ansyen vis prezidan ameriken, Joe Biden.

Akizasyon sa yo parèt nan yon plent yon denonsyatè ki te paret an pibik semèn pase a e kote li di, dapre anpil otorite nan La Mezon Blanch, lidè ameriken an te fè presyon tou sou Prezidan Zelenskiy pou l “rankontre e pale avèk 2 moun Misye Trump te site kòm anvwaye pèsonèl li nan zafè yo", an palan de avoka Rudy Giuliani avek minis jistis la, William Bar. Misye Volker te bay demisyon l yon jou aprè plent la te parèt an piblik, men li te gen tan fè aranjman pou Misye Giuliani fè divès rankont avèk prezidan Zelenskiy. Depatman Deta a fè konnen, sou demand yon pwòch kolaboratè lidè ikrenyen an, Kurt Volker te mete li an kontak avèk misye Giuliani. Plent denonsyatè a pouse lidè demokrat yo nan Chanm Depite ameriken an ouvè yon ankèt ofisyèl sou Donald Trump, ankèt ki ka debouche sou jijman prezidan ameriken an ak posiblite pou wete l sou pouvwa a.

--------------------------------------------------------------------------------

KIYÈS KURT VOLKER YE?

Kurt Volker te okipe pòs anvwaye espesyal Washington nan Kyèv, Ikrèn, depi li te jwnen nominasyon n nan pozisyon sa a lè Rex Tillerson te Sekretè Deta Lèzetazini. Pandan plis pase 20 tan li te travay nan administrasyon piblik la kote li te kòmanse kòm yon analis nan Ajans Santral Ransèyman (ou CIA) an 1986.

Kurt Volker ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Kyèv, Ikrèn, nan dat 27 jiyè 2019.
Kurt Volker ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Kyèv, Ikrèn, nan dat 27 jiyè 2019.

Apre sa, li te pase yon tan kòm fonksyonè Depatman Deta avèk sèvis nan vil Lond, Briksèl avèk Bidapèst. Li ta pral okipe pòs asistan-espesyal Richard Holbrooke ki te tounen anvwaye espesyal ameriken pou negosyasyon ki t ap fèt sou Bosni yo. Pandan 2 zan Kurt Volker te travay kòm manm pèsonèl biwo Senatè John McCain. An 1998 li ta pral tounen Premye Sekretè nan misyon diplomatik Lèzetazini nan Oganizasyon Trete Atlantik Nò (l'OTAN) kote li te okipe divès pòs jiskan 2005. Pami travay li te genyen pou l fè nan l'OTAN genyen responsab-an-chèf preparasyon pou Somè Prag la an 2002 avèk Somè Eta-Manm l'OTAN yo nan Istanboul an 2004.

XS
SM
MD
LG