Accessibility links

Breaking News

4 Senatè Deside Pase an Revi Finansman Ajans Medya Global Ameriken an, Patwon Lavwadlamerik


USAGM, Ajans Medya Global Ameriken an.
USAGM, Ajans Medya Global Ameriken an.

Nan Washington, D.C., yon gwoup senatè ki gen reprezantan tou le 2 pati yo ladan l, fè konnen yo gen plan pou yo lanse yon revizyon, yon aksyon fouyapòt, nan finansman ajans ki sou tèt Lavwadlamerik la ak lòt antite enfòmasyon entènasyonal gouvènman Lezetazini an aprè nouvo direktè jeneral ajans la fin revoke alatèt plizyè nan antite sa yo. Nan jounen mèkredi premye jiyè a, senatè yo voye yon lèt bay direktè jeneral Ajans Medya Global Ameriken an, Michael Pack, pou anonse l yo pral travay sou revizyon an.

Nan lèt sa a palmantè yo (repibliken ak demokrat) deklare yo genyen “bon jan kèsote” akoz desizyon Misye Pack pran pou l revoke direktè antite sa yo: Radyo Azi Lib, Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète, Rezo Radyo-Televizyon pou Mwayen Oryan an avèk direktè Fon pou Ouvèti sou Teknoloji a. Yon pati nan lèt la li konsa :

“Aksyon Misye Pack yo -aksyon li pran san l pa t konsilte Kongrè a, san li pa t menm mete Kongrè a okouran- soulve kèk kesyon grav sou avni Ajans Medya Global Ameriken an pral geneyn sou direksyon li. Nou konsidere direktè ou revoke yo kòm espesyalis kalifye nan pèsonèl ajans la ki jwenn revokasyon yo san yon rezon egzat. Nou gen plan pou n reyalize yon revizyon total e konplè sou finansman ajans la dekwa pou n gen garanti ke pèsonn pa politize rezo entènasyonal radyo-teledifizyon Lezetazini an e ke ajans la gen kapasite pou l ranpli totalman e efikasman misyon esansyèl li.”


Pami senatè ki siyen lèt la genyen: Demokrat Patrick Leahy (Vermont) avèk Chris Van Hollen (Maryland), epi Repibliken Lindsay Graham (Kawolin di Sid) avèk Marco Rubio (Florid). Ansyen asistan Senatè Rubio, Jamie Fly, te patisipe nan yon pwogram sou Radyo Ewòp Lib, ansanm avèk youn nan direktè antite ajans la ke Michael Pack revoke yo. Jiskaprezan ni Misye Pack, ni yon lòt otorite wo-plase nan Ajans Medya Global Ameriken an poko fè kòmantè sou desizyon senatè yo.

XS
SM
MD
LG