Ansyen prezidan kiben Fidel Castro anonse li pral rankontre, mèkredi 28 mas 2012 la, ak Pap Benwa 16 ki nan La Avàn pou yon vizit 3 jou ki te kòmanse lendi. Nan yon deklarasyon ki parèt madi swa sou yon sit entènèt gouvènman kiben an, Misye Castro ki gen 85 kan fè konnen se li menm ki te mande chèf Legliz Katolik la akòde l kèk minit nan tan li pandan li nan Kiba a. Menm mèkredi a Souvren Pontif la gen pou li selebre yon mès an plennè sou Plas Revolisyon an nan La Avàn.

Madi 27 mas la, Pap Benwa 16 te rankontre pandan yon ti bout tan ak aktyèl prezidan kiben an, Raul Castro, ti frè e siksesè Fidel. Yon pòtpawòl Vatikan an fè konnen Pap la mande Prezidan kiben an pou li dekrete Vandredi Sen ofisyèlman yon jou nasyonal ferye nan Kiba -Vandredi Sen se jou kote kretyen yo komemore lanmò Jezi Kri. Pòtpawòl la ajoute Pap la fè Prezidan Castro yon sa li rele “yon demand imanitè”, san pòtpawòl la pa di si Sen Pè a mande liberasyon prizonye politik yo oubyen presizeman liberasyon Alan Gross, yon sitwayen ameriken ki nan prizon nan La Avàn depi 2009 anba akizasyon deske li ta vyole lwa peyi Kiba.

Pap Benwa 16 te rive Kiba lendi 26 mas 2012 la avèk misyon pou l konsolide enfliyans Legliz Katolik Womèn nan yon peyi kote otorite yo swadizan pa t kwè nan egzistans Bondye anvan sa. Yon lòt objektif visit la se ankouraje kiben yo pou yo chache chanjman politik ki ka ede yo bati yon sosyete ki chanje e ki pi ouvè. Sepandan Vis-Prezidan kiben an, Marino Murillo, ki t ap pale ak laprès madi, di jounalis yo -nap site: «Pa pral genyen pyès refòm politik nan Kiba,” fen sitasyon.