Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Federal la Toujou Rete Fèmen - Negosyasyon ant La Mezon Blanch ak Kongrè a Pa Abouti


Prezidan Donald Trump kap pale ak laprès apre pandan li tap kite Mezon Blanch jedi 10 janvye 2019 avan li te al fè yon vizit sou fwontyè a Etazini pataje ak Meksik. (Foto: AP/Jacquelyn Martin)
Prezidan Donald Trump kap pale ak laprès apre pandan li tap kite Mezon Blanch jedi 10 janvye 2019 avan li te al fè yon vizit sou fwontyè a Etazini pataje ak Meksik. (Foto: AP/Jacquelyn Martin)

Lidè ameriken an ale nan pati sid Eta Tegzas pou l konstate ak pwòp je li efò k ap fèt pou konbat imigrasyon illegal. Sa ka ba li plis rezon pou l mande konstrikyon yon miray sou fwontyè a


Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki t ap pale ak laprès nan jounen jedi 10 janvye 2018 la, deklare li byen kapab deklare anvan lontan yon eta-dijans nasyonal, sa ki kapab pèmèt li pran nan lajan ki loa pou lame amerikèn nan fè konstriksyon, pou l bati yon miray o-lon fwontyè Lèzetazini ak Meksik la. Misye Trump ap anvizaje posiblite sa a apre li fin sibi plizyè echèk nan efò l ap fè pou l konvenk Kongrè a bay lajan direkteman pou plan sa a.

Pandan lidè ameriken an te sou wout pou l ale nan vil McAllen, o Tegzas, pou l te wè ak pwòp je li efò k ap fèt nan zòn nan pou konbat imigrasyon ilegal sou fwontyè a, li deklare se posib pou l fè deklarasyon sou eta-dijans la si li pa kapab jwenn yon akò ak lidè demokrat yo sou konstriksyon miray la. Negosyasyon ki t ap fè ant otorite demokrat sa yo ak La Mezon Blanch echwe mèkredi 9 janvye a akoz difikilte 2 pati yo genyen pou yo jwenn yon antant, tandiske fèmti pasyèl gouvènman an rive nan 20èm jou li. Prezidan Trump deklare:


<< Mwen gen yon dwa total pou m dekrete yon eta-disjans. Mwen poko fè sa; men se posib pou m fè l. Si negosyasyon yo pa bay bon rezitla, li posib pou m fè sa. Mwen ta menm kapab di mwen definitivman si e sèten se yon bagay ki posib… Pa gen pyès rezon pou nou pa kapab rive jwenn yon antant. Men lòt pati a pa enterese nan sekirite sou fwontyè nou yo. >>


Anvan prezidan an te kite Washington pou l ale nan zòn fwontyè a, li te pibliye sou kont Tweeter li yon nòt kote Ii di genyen yon inite dyanm nan mitan depite ak senatè repibliken yo ki apiye li nan desizyon li pran pou l kite yon ka gouvènman federal la rete fèmen si demand li fè pou Kongrè a ofri plis pase 5 milya dols pou l finanse konstriksyon miray la pa jwenn satisfaksyon. Prezidan an ensiste sou inite ki, dapre li, egziste pami palmantè repibliken yo, “menm si laprès k ap bay nouvèl fo mamit yo ap travay san rete pou yo fè moun kwè lekontrè”.

Demokrat yo ofri yon anvlòp yon milya 300 milyon dola pou ranfòsman sekirite sou fwontyè yo, men pa pou konstriksyon yon miray. Gen yon ti gwoup Repibliken k ap poze kesyon pou yo mande poukisa Prezidan Trump refize ouvè ajans gouvènmantal ki fèmen depi 22 desanm pase a, swa depi preske 3 semèn; sa fè 2èm fèmte gouvènman ameriken an nan tout istwa Lèzetazini si moun konsidere longè tan li dire. Fèmti ki pi long nan te dire 2 jou pi lontan.

Anpil biwo leta ameriken fèmen paske yo pa gen lajan pou yo peye anplwaye yo; gen anplwaye ki ale travay san yo pa konnen kilè y ap touche, oubyen ki oblije travay san yo pa p touche ditou. Anviwon 800 mil anplwaye twouve yo nan youn nan 2 sitiyasyon sa yo. Nòmalman yo te dwe resevwa chèk yo vandredi 11 janvye a; men yo pa p jwenn li.

XS
SM
MD
LG