Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Barack Obama nan Pòtoriko


Prezidan ameriken Barack Obama pandan vizit li a (AP Photo/Carolyn Kaster)
Prezidan ameriken Barack Obama pandan vizit li a (AP Photo/Carolyn Kaster)

Prezidan Barack Obama vizite Pòto Riko madi 14 jen 2011 la. Lidè ameriken an fè kèk rankont sou bezwen ekonomik il la e sou estati politik li epi sou eleksyon prezidansyèl 2012 yo.

Prezidan Obama –ki pran lapawòl devan anviwon mil patizan ki te vin resevwa li nan aewopò entènasyonal Mun̂os Marin, nan San Juan, deklare aspirasyon ak batay 3 milyon 800 mil moun k ap viv nan Pòtoriko se yon glas ki reflete menm aspirasyon ameriken kap viv atravè tout Lèzetazini. Mesye Obama fè referans la a ak yon sijè defen prezidan John Fritzgerald Kennedy te abòde lè li te fè yon visit sou il la nan ane 1961.

Prezidan Obama di : « Lè prezidan Kennedy te vini isit la, li te atire atansyon sou enpòtans relasyon ant Washington ak San Juan, e li te abòde tou sa li te rele “pwoblèm difisil ki egziste nan domèn edikasyon, lojman ak chomaj. Nan menm espri sa a, nou eseye gen asirans ke chak fanmi sou il sa a kapab jwenn travay e pran swen pitit yo. Se poutèt sa plan ekonomik nou an ak pwogram refòm sistèm swen sante nou an genyen ladan yo èd pou Pòto Riko. »

Anvan mesye Obama te kite San Juan pou l rantre Washington, li te patisipe nan yon fèt Pati Demokrat la te òganize pou ranmase lajan pou kanpay re-eleksyon ni an 2012.

XS
SM
MD
LG