Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Barack Obama Nan Peyi Lend


Prezidan Barack Obama ak Premye Minis Manmohan Singh
Prezidan Barack Obama ak Premye Minis Manmohan Singh

Lèzetazini ak peyi Lend anonse y ap mete ansanm pou yo prezante yon vizyon pataje konsènan lapè ak pwosperite sou kontitan azyatik la e nan rès mond la. Prezidan ameriken an, Barack Obama, ak premye minis endyen an, Mannohan Singh, pale konsa aprè yon rankont yo fè lendi 8 novanm 2010 la nan New Delhi, kapital Lend.

Tou le 2 lidè yo repete yon deklarasyon misye Obama te deja fè, kote li te di relasyon ant Lèzetazini ak Lend pral ede defini 21èm syèk la, e prezidan ameriken an fè laprès konnen: “Lend deja pwente kòm yon puisans mondyal”.

Anvan rankont ki fèt lendi 8 novanm 2010 la ant lidè 2 pi gwo demokrasi nan lemond yo, misye Obama te remèsye pèp endyen an pou bèl akèy yo rezève l la; e li di objektif vizit li a se ranfòse yon amitye ki te deja fò ant Washington ak New Delhi.

"Nou antreprann vwayaj sa a avèk entansyon pou n ranfòse sa ki te deja yon amitye enkwayab ant Lèzetazini ak Lend."

Pou sa ki gen rapò ak dosye endo-pakistanè a (kote youn nan gwo pwen yo, se toujou yon atak ki te fè san koule nan vil Monmbay, nan Lend ane pase a –atak otorite endyen yo lage sou do teworis paskistanè), Premye Minis Manmohan Signh di gouvènman n nan dispoze pran kontak dirèk ak Pakistan pou yo rezoud pwoblèm ki toujou poze ant 2 peyi yo; men li pa mete dlo nan bouch li pou l kritike gouvènman Islamabad la.

"Sa nou di, sè ke ou pa kapab ap mande negosyasyon, epi an menm tan pou aktivite machin teworis la ap mache menm jan ke anvan. Yon fwa Pakistan va pran distans li ak zak teworis li konn itilize pou l fè kraponnay, se avèk gwo plezi nou pral pran yon kontak aktif avèk li pou nou rezoud tout pwoblèm ki poko rezoud yo."

Nan rankont 2 lidè yo fè ak laprès nan New Delhi a, jounalis poze misye Obama kesyon pou mande l pou ki rezon Bank Rezèv Federal la pran desizyon pou l enjekte plizyè santèn milya dola nan ekonomi amerikèn nan, alòske Washington pa sispann kritike Lachin poutèt politik monètè peyi sa a. Prezidan ameriken an reponn pou l di Bank Santral Lèzetazini an gen otorite pou l aji an tout endepandans; men li atire atansyon sou le fèt ke objektif desizyon bank la pran an, se pou mentni kwasans ekonomi amerikèn nan.

“Jounen jodiya se tout peyi ki gen kè-sote akoz sa yon lòt peyi ap fè, nan yon moman kote relans ekonomik lakay yo chak, se yon bagay ki frajil toujou. Men, lesansyèl sè ke chak peyi k ap patisipe nan aktivite Gwoup G-20 an pral benefisye si ekonomi amerikèn nan fè pwogrè.

Pou sa ki gen rapò ak relasyon Lèzetazini avèk Lend nan domèn ekonomik la --e sitou nan echanj k ap fèt ant sektè komès ak endistri 2 peyi yo-- Prezidan Obama di, yon fwa ankò, si Lèzetazini ranfòse envestisman li nan peyi Lend, sa pral kreye travay pou ameriken yo.

XS
SM
MD
LG