Accessibility links

Breaking News

Vizit Ansyen Prezidan Bill Clinton ann Ayiti


Vizit Ansyen Prezidan Bill Clinton ann Ayiti
Vizit Ansyen Prezidan Bill Clinton ann Ayiti

Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton t ale nan peyi Dayiti mèkredi 15 desanm nan. Sou pwogram li, te gen yon visit nan yon Sant Tretman Kolera “Medsen San Fwontyè” ap dirije.

Vizit sa a pat ouvè pou laprès. Nan menm aprè midi a, Misye Cinton te rankontre Premye Minis Jean Max Bellerive ak minis sante a, Alex Larsen. Li fè chita-tande tou ak Edmond Mulet (Chèf sivil Misyon Nasyonzini a ann Ayiti) e Nigel Fisher (reprezantan espesyal adjwen par interim nan MINUSTAH).

Avèk pèsonalite sa yo, ansyen Prezidan Clinton pale de epidemi kolera a. Li te gen tou yon rankont ak manm Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH la) pou yo te abòde efò ki fèt nan kad pwosesis rekonstriksyon an. Tout rankont sa yo dewoule ak pòt fèmen.

Pou fini, Prezidan Clinton bay yon konferans pou laprès pou diskisyon sou angajman fondasyon n nan nan lit kont epidemi kolera a ak nesesite pou efò kontinye fèt pou rezoud kriz maladi a kreye nan peyi a.

Pou kèk kòmantè sou vizit prezidan Clinton nan ak kèk lòt pwen k ap domine aktualite a ann Ayiti, Jacquelin Belizaire pale ak Clarens Renois nan Pòtoprens.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande yon entèvyou Jacquelin Belizaire ak Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG