Accessibility links

Breaking News

Vis Minis Afè Etranje Kanadyen an Ap Vizite Ayiti


Vis Minis afè etranjè Kanada a, Maurice Rosenberg, twouve l ann Ayiti pou l evalye sitiyasyon an preske 8 mwa aprè tranblemanntè ki te devaste kapital la, Pòtoprens, ak kèk lòt vil 12 janvye pase a.

An plis Pòtoprens, mesye Rosenberg vizite Leyogan ak Bèladè yon fason pou l te kapab wè ak pwòp je li dimansyon ak konsekans dezas la.

Vis Chèf Diplomasi Kanadyèn nan fè konnen li byen kontan wè kijan efò rekonstriksyon yo pa mache gras ak konkou kominote entènasyonal la.

Li pale pou l di Kanada pral rete bò kote Ayiti pandan tout tan efò rekonstriksyon yo va dire.

Korespondan nou Rotchild Francois Jr. gen deklarasyon mesye Rosenberg.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG