Accessibility links

Breaking News

Vyolans Nan Irak Kontinye Pran Lavi Moun


Yon solda Irakyen kanpe kote youn nan machinn yo ki te eksploze nan Baghdad maten 20 jen 2010 la.
Yon solda Irakyen kanpe kote youn nan machinn yo ki te eksploze nan Baghdad maten 20 jen 2010 la.

Ofisyèl nan Irak di o mwen 26 moun mouri e plis pase 53 lòt blese nan kapital peyi a, Baghdad, nan eksplozyon 2 machin pyeje.

Dapre kèk responsab nan lopital ak lapolis, 2 machin sa yo te eklate kèk minit youn apre lòt. Ensidan sa a rive maten dimanch 20 jen an, tou prè katye jeneral Bank Komèsyal Irak la ak yon biwo leta kote yo fè kat idantite.

Toujou nan Baghdad, nan jounen samdi 19 jen an, lapolis te jwenn kò yon pakèt fi k ap dekompoze nan Zayouna, yon ti bouk ki twouve l nan lès peyi a. Ensidan sa yo rive apre yon vag vyolans ki sot’ frape peyi Irak.

XS
SM
MD
LG