Accessibility links

Breaking News

Vil Saint-Augustine, nan Eta Florid, Ap Onore Zansèt Ayisyen Georges Biassou


Yon delegasyon Sosyete Istorik Ayisano-Ameriken ap vizite semèn sa a vil Saint Augustine, nan Eta Florid, kote manm òganizasyon an ak otorite vil la ap onore memwa Jeneral George Biassou, yon zansèt ayisyen ki te konbat pou peyi Lespay kont La Grand Bretay nan epòk kolonyal la e ki te mouri nan vil la nan ane 1801 la.

Vis-prezidan sosyete a, pwofesè Jeann Claude Exulien, di Lavwadlamerik asosyasyon an ap travay pou fè bati yon estati Jeneral Biassou nan Saint Augustine. An plis Sosyete Istorik Ayisano-Ameriken ak otorite vil la, peyi Lespay kapab pote kontribisyon pèsonèl li nan efò k ap fèt pou pwojè sa a tounen yon reyalite.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Misye Exulien

XS
SM
MD
LG