Accessibility links

Breaking News

Sitwayen Eta Vijini Ap Defann Dwa yo pou yo Pote Zam


Yon koutje sou foul ki te rasanble devan lokal palman Eta Vijini an, nan Richmond, pou yo manifeste kont nouvo lwa ki ka mete limit sou dwa yon sitwayen genyen pou l pote zam. (Richmond, VA, Etazini Damerik. 20 janvye 2020. Foto: Stephanie Keith/REUTERS - RC2TJE9265W9)
Yon koutje sou foul ki te rasanble devan lokal palman Eta Vijini an, nan Richmond, pou yo manifeste kont nouvo lwa ki ka mete limit sou dwa yon sitwayen genyen pou l pote zam. (Richmond, VA, Etazini Damerik. 20 janvye 2020. Foto: Stephanie Keith/REUTERS - RC2TJE9265W9)

Ozetazini, plizyè milye moun k ap defann dwa yon sitwayen pou l pote zam (pami yo genyen manm milis ki ame) te resanble pasifikman pandan jounen lendi 20 janvye 2020 an nan kapital Eta Vijini pou yo manifeste opozisyon yo kont kèk nouvo règleman sou kontwòl zam-a-fe. Malgre moun te pè pou gwo rassanbleman sa a pa t debouche sou vyolans, li pran fen san nouvèl yo pa pale de ensidan vyolan ni arestasyon. Daprè jounalis ki te prezan nan rasanbleman an, majorite patisipan yo te konpòte yo kòmsi yo te nan yon kanaval, kote yo t ap rele “ Viv Lèzetazini, Viv Lèzetazini”. Anpil nan moun ki te nan foul la te gen sou yo rad avèk slogan ki sipòte Prezidan Donald Trump.

Anvan rasanbleman an te kòmanse, otorite yo t e ranfòse sekirite a ozalantou lokal palman an nan kapital Eta a, vil Richmond, kote gouvènè a, Ralph Northam, dekrete yon eda dijans k ap rete an vigè jous nan jounen madi 21 janvye a. Nan jounen mèkredi 15 janvye pase a, Gouvènè Northam te pibliye yon deklarasyon kote li entèdi moun pote zamafe sou Plas Palman an yon fason pou anpeche “gwoup milisyen ame pran palman an daso.” Patisipan yo te gen dwa pote zam yo si yo te andeyò limit Plas Palman an e moun te ka wè anpil nan manifestan ki te vin Richmond yo avèk fizi e lòt zam nan men yo.

Sitwayen ameriken ki t ap pwoteste kont kontwòl palman Eta Vijini an (ak yon majorite demokrat) vle mete sou posesyon zam.
Sitwayen ameriken ki t ap pwoteste kont kontwòl palman Eta Vijini an (ak yon majorite demokrat) vle mete sou posesyon zam.

Palmantè demokrat yo –ki te pran kontwòl tou le 2 chanm palman Vijini a nan dènye eleksyon an-- deside santre atansyon yo espesyalman sou nesesite pou yo vote lwa ki pi sevè sou kontwòl zam-a-fe. Se konsa jedi pase a (16 janvye 2020 an) Sena Vijini an te apwouve yon lejislasyon ki egzije yon kontwòl trè sere sou dosye polisye e kriminèl yon moun ki vle achte yon zam e nouvo règleman sa a limite a youn kantite zam yon moun ka achte pa mwa. Se konsa tou Sena a pase yon lwa ki retabli dwa gouvènman lokal yo genyen pou yo entèdi zam nan etablisman lekòl piblik yo ak lòt lokal ankò. Militan ki te prezan nan rasanbleman an fè konnen nouvo lwa sa yo vyole dwa yo genyen kòm sitwayen pou yo pote zam. Rasanbleman sa a se yon evennman ki dewoule chak ane e se Lig Defans Dwa Sitwayen Eta Vijini ki òganize l.

XS
SM
MD
LG