Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Guaido Kontinye Prezidans li San li pa Gen Okenn Otorite, ak Sipò Etazini


Venezuela's opposition leader Juan Guaido
Venezuela's opposition leader Juan Guaido

Nan yon sesyon vityèl nan ansyen Asanble Nasyonal la yo te pran yon vòt pou pwolonje manda Guaido pou on lòt ane. Juan Guaido ki otoproklame tèt li prezidan Venezyela e li te deklare "Pouvwa a pap pran vakans".

Pouvwa egzekitif ak lejislatif Venezyelya a nan men Prezidan Nicolas Maduro.

Prezidans Guaido jwenn sipò peyi- pami yo Etazini - ki kontwole gwo byen ak pwopriyete Venezyela aletranje. Malgre sa misye Guaido toujou pa gen okenn pouvwa nan peyi l.

Prezidan Palman an, li te otoproklame tèt li prezidan pwovizwa an 2019 lè kominote entènasyonal la pa t rekonèt re-eleksyon Maduro a an 2018, apre opozisyon an te bòykote bilten vòt epi di te gen "koken".

Asanble a ke opozisyon an te kontwole, te eli an 2015 men yo te retire pouvwa li an 2017 ak eleksyon yon Asanble Konstitiyan ki te favorab pou Maduro. Lè sa, opozisyon an te bòykote eleksyon lejislatif 2020 yo e] pouvwa a reprann kontwòl Asanble a.

Apre vòt la Guaido te di "Jodi a, Konstitisyon an te genyen, jodi a Nicolas Maduro te pèdi".

Washington

Inyon Ewopeyèn an pat rekonèt eleksyon prezidansyèl 2018 la oswa eleksyon lejislatif yo nan 2020 ki te ofisyèlman konsidere Nicolas Maduro 'tankou sèl entèrlokutè ki valab. Apre sa yo te louvri diskisyon ak Maduro.

Fòs Misye Guaido chita nan sipò "fondamental" li genyen ak Washington, prensipal alye li, malgre chanjman prezidan nan La Mezon Blanch, dapre sa politisyen Pablo Quintero di.

Ansyen Prezidan Donald Trump te nan tèt ofansif entènasyonal la pou ranvèse rejim Maduro a, ke li te dekri tankou yon "diktatè" e li pran plizye sanksyon entènasyonal kont Venezuela. Pami yo te gen yon anbago sou gaz.

Joe Biden te apiye menm desizyon Donald Trump te pran. Etazini toujou kenbe konfyans li nan Mesye Guaido.

Misye Quintero di "se pa anyen ke Etazini sipòte yon gouvènman, menm imajinè, san pouvwa reyèl". Si Etazini retire sipò li " se tap yon dezas total" pou Guaido.

XS
SM
MD
LG