Accessibility links

Breaking News

Pewou Mande yon Reyinyon ant Tout Peyi Amerik Latin yo Apre Vòt Venezuela a li Di ki "Ilejitim"


Prezidan Venezuelyen an, Nicolas Maduro, kriye viktwa nan rezilta eleksyon dimanch 30 jiyè 2017 yo kote yo eli yon Asanble Nasyonal Konstitiyant ki pral gen manda re-ekri konstitisyon peyi a. Karakas, 31, jiyè 2017.
Prezidan Venezuelyen an, Nicolas Maduro, kriye viktwa nan rezilta eleksyon dimanch 30 jiyè 2017 yo kote yo eli yon Asanble Nasyonal Konstitiyant ki pral gen manda re-ekri konstitisyon peyi a. Karakas, 31, jiyè 2017.

Gouvènman peyi Pewou a ap òganize yon reyinyon minis afè etranjè Amerik Latin sou sal rele vòt "ki pa lejitim" ki fèt nan Venezuela dimanch 30 jiyè 2017 la a ki apwouve yon nouvo asanble ki pwal gen kòm travay pou l re-ekri konstitisyon peyi a.

Reyinyon an, ki planifye pou 8 daout k ap vini an nan kapital Pewou a, Lima, reprezante kèk nan kesyon ki bay kominote entènasyonal la kè-sote sou vòt ki apwouve Asanble Nasyonal Konstitiyant la. Tou le 545 manm asanble sa yo se sipòte Prezidan sosyalis venezuelyen an, Nicolas Maduro, ka gen plis pouvwa pase palman an nan Asanble Nasyonal la.

Inyon Ewòp mete ansanm ak peyi Kolonbi, Etazini, Meksik, Espay ak 7 lòt peyi pou pi piti pou fè konnen yo pa rekonèt Asanble Konstitiyant la.

Prezidan Maduro bò kote pal deklare, "Eleksyon dimanch yo sete yon kokenn siksè e ke se pèp la ki bay asanble konsitiyant la."

XS
SM
MD
LG