Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Venezyela a, Delcy Rodriguez Rejete Move Pawòl ki Fè Kwè Pèp yo a Ap Kouri Kite Peyi a


Venezyela Akize Etazini li Di Kap Mete Presyon pou Fè Moun Kite Peyi a
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:00 0:00

Vis-Prezidan Venezuela a Delcy Rodriguez, fè konnen gouvènman an pa pwal tolere peyi sa yo bay fo rapò sou kantite migran kap kite peyi a.

“Nou pa pwal pèmèt anplwaye gouvènman an fè aksyon izole paske yo te chache pran yon migrasyon nòmal pou fè l tounen yon kriz imanitè pou jistifye entèvansyon entènasyonal nan Venezuela. Nou pap kite sa fèt.”

L' ONU fè konnen plis pase mil-600 milyon moun Venezuela te kouri kite peyi-a an 2015, lè ekonomi-an te koumanse tonbe an degraba e lè enflasyon te moute disèt wotè, sak te kreye yon gwo pàn pwodui de base.

Anpil moun Venezuela te jete yo Brezil, Kolonbi, Ekwatè ak Pewou – sa ki mete anpil chaj sou ekonomi peyi sa yo e lakoz moun lokal yo ap plenyen.

Prezidan Nicolas Maduro lage responsablite pwobèm peyi a sou Etazini, ke li akize kòmkwa lap travay ak opozisyon-an pou chavire gouvenman an.

XS
SM
MD
LG