Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Prezidan Nicolas Madura Eli yon Lòt Fwa Ankò pou 6 Zan


Prezidan venezyelyen an Nicolas Maduro.
Prezidan venezyelyen an Nicolas Maduro.

Prezidan Venezwela a, Nicolas Maduro ranpòte yon 2èm manda 6 zan nan eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 20 me 2018 la.

Lidè Venezwelyen an ranpòte 5 milyon, 823 mil 528 vwa swa 67.7 pou 100; e kandida opozisyon an Henry Jose Falcon Fuentes kolekte 1 milyon 820 mil ak 552 vwa swa 21.2 pou 100.

Dapre komisyon elektoral la se 46.1 pou 100 ki dwa pou vote yo ki tal jete bilten.Etazini, ki di eleksyon an pa lejitim, mande lòt peyi pou sipòte pèp venezwelyen an ak dwa l pou l chwazi san presyon reprezantan lejitim li nan eleksyon lib e jist.

XS
SM
MD
LG