Accessibility links

Breaking News

Etazini Anonse Sanksyon tou Nèf kont Rejim Maduro nan Venezuela


Manifetasyon anti- gouvènman Maduro a ap fè fas ak gwo dispozitif sekirite inite Nasyonal Bolivaryèn Venezuela la 48 èd tan avan grèv jeneral opozisyon lanse pou denonse plan otorite KAraras yo genyen pou reekri konstitisyon peyi a
Manifetasyon anti- gouvènman Maduro a ap fè fas ak gwo dispozitif sekirite inite Nasyonal Bolivaryèn Venezuela la 48 èd tan avan grèv jeneral opozisyon lanse pou denonse plan otorite KAraras yo genyen pou reekri konstitisyon peyi a

Objektif sanksyon sa yo se fose Prezidan Nicolas Maduro kite tonbe plan li genyen pou l fòme yon asanble tou nèf pou ekri yon lòt konstitisyon.

Gouvènman prezidan Donald Trump la anonse, nan jounen mèkredi 26 jiyè 2017 la, li pran sanksyon tou nèf kont 13 moun ki gen bon jan rapò ak gouvèman peyi Venezuela a oubyen ak konpayi petwòl leta nan peyi sa a. Objektif sanksyon sa yo se fòse prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro, kite tonbe plan li genyen pou l fòme yon asanble tou nèf pou ekri yon lòt konstitisyon -yon plan ki pwovoke anpil chirepit nan peyi sid-ameriken an.

Daprè yon otorite wo-plase nan Washington, pami moun sanksyon sa yo vize gen otorite wo-plase (ansyen oubyen nouvo) ki gen bon jan koneksyon ak rejim Maduro a, tankou minis enteryè, jistis ak lapè a, direktè jeneral Konsèy Elektoral la, vis prezidan zafè finans nan PDVSA --konpayi petwòl Leta a—epi antwòt kòmandan lame a ak chèf polis nasyonal la.

Minis finans Lèzetazini an, Steven Mnuchin, pibliye anons la ak yon kominike kote li di: "Nenpòt moun ki antre nan palman Maduro a apre eleksyon ki fikse pou dimanch 30 jiyè a, pral tonbe tou anba sanksyon sa yo..."

XS
SM
MD
LG