Accessibility links

Breaking News

Venezuela-Politik: Eske Chavez Pral Dirije ak Dekrè?


Nan peyi Venezuela , Asanble Nasyonal la vote pou apwouve yon pwojè lwa ki mande pou Prezidan Hugo Chavez fè pou li dirije ak dekrè-lwa pandan yon lane.

Palmantè yo vote madi 14 desanm 2010 la an favè Prezidan Chavez apre yon premye seri diskisyon ki dewoule sou pwopozisyon an.

Nouvèl yo fè konnen palmantè yo gen pou yo òganzie yon vòt final anvan fen semèn nan sou pwojè lwa sa a ki lage anpil zizani nan peyi a.

Vis-Prezidan Elias Jaua te soumèt demand la pi bonè nan jounen madi 14 desanm nan non prezidan an.

Misye Jaua te prezante pwojè lwa a devan Asanble Nasyonal sòtan an kote alye Prezidan Chavez yo genyen majorite a.

XS
SM
MD
LG