Accessibility links

Breaking News

Venezuela Pa Aksepte Nouvo Anbasadè Etazini Nonmen nan Caracas la


Prezidan venezuelyen an, HUGO CHAVEZ, rejte nouvo anbasadè Lèzetazini chwazi pou voye reprezante li nan peyi sid ameriken an, (anpalan misye Larry Palmer) apre misye Palmer kritike lame venezuelyèn nan.

Misye Chavez deklare nan pwogram televizyon li genyen chak dimanch lan misye Palmer vyole règleman diplomatik yo lè li ensiste pou di genyen “lyen klè” ant manm gouvènman Chavez la ak rebèl gochis kolonbyen yo.

Anbasadè deziye Lèzetazini pou Venezuela a te fè kòmantè sa yo mwa pase nan yon repons ekri li te bay palmantè ameriken yo nan kad pwosesis ratifikasyon li.

Sena ameriken an dwe konfime nominasyon anbasadè deziye Palmer anvan pou l al pran pòs li Caracas.

Yon lòt kote, prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, ak tokay venezuelyen li, Hugo Chavez, ap rankontre semèn sa a pou yon chita pale ki gen pou objektif rezoud “mezantant diplomatik ki egzisten ant 2 peyi yo”.

Minis afè etranjè 2 nasyon yo anonse rankont lan pral dewoule madi 10 out la nan kapital kolonbyèn nan, Bogota.

Venezuela te koupe relasyon diplomatik li ak Kolonbi mwa pase apre prezidan ki te sou pouvwa anvan Santos la, Alvaro Uribe, te akize Venezuela deske li bay rebèl gochis kolonbyen “pyetatè” sou tèritwa li.

XS
SM
MD
LG