Accessibility links

Breaking News

Opsyon Militè Lèzetazini pou Venezuela: Eske li sou Tab la?


2 lidè nan Venezuela: Nicolàs Maduro (adwat), Prezidan konteste; epi Juan Guaidò, Prezidan Asanble Nasyonal la ki pwoklame tèt li Prezidan.
2 lidè nan Venezuela: Nicolàs Maduro (adwat), Prezidan konteste; epi Juan Guaidò, Prezidan Asanble Nasyonal la ki pwoklame tèt li Prezidan.

Posiblite pou Lèzetazini itilize mwayen militè pou wete prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro, sou pouvwa a, soulve kè-sote akoz kesyon k ap mande ki kantite moun ki ka pèdi lavi yo e ki konsekans kolateral ki ka sòti nan yon desizyon otorite ameriken yo ta pran pou voye sòlda al goumen e mouri nan yon lòt konfli etranje.

Prezidan ameriken an, ki t ap pale ak laprès nan dat 3 fevriye 2019 la, rekonèt ke itilizasoyn lafòs militè nan ka Venezuela se “youn nan opsyon ki sou tab la.” Sepandan, nan mesaj Misye Trump prezante devan 2 chanm Kongrè a reyini 2 jou apre sa, li ensiste sou nesesite pou Lèzetazini diminye efektif militè ki mele nan konfli en peu patou atravè lemond. Lidè ameriken an deklare:


“Lè m te kandida a la prezidans la, mwen te pran angajman pou m itilize yon apwòch diferan. Lè ou se yon grand’ nasyon, ou pa mele nan lagè ki san fen.”

Kesyon k ap poze se mande ki objektif enplikasyon Lèzetazini nan yon konfli ame nan Venezuela?

Otorite yo nan La Mezon Blanch pote klarifikasyon sou objektif Lèzetazini o Venezuela: se yon transfè pouvwa a nan lapè.

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, ki t ap pale de Venezuela ak laprès nan dat 25 janvye 2019 la.
Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, ki t ap pale de Venezuela ak laprès nan dat 25 janvye 2019 la.

Pi fò nan lidè peyi latino-ameriken yo ak ewopeyen yo, yo menm tou, pote apui yo bay opozisyon an ki pretann Maduro pa lejitim, paske li te pran dispozisyon pou l anpeche pi fò kandida opozisyon an patisipe nan eleksyon prezidansyèl ane pase a. Peyi sa yo rekonèt Juan Guaido, Prezidan Asanble Nasyoal Venzuela a, kòm dirijan pwovizwa peyi a.
An plis le fèt ke rejim sosyalis Maduro a gen pou l reponn akizasyon deske li komèt represyon politik, politik li yo fè peyi ki gen pi gwo rezèv petwòl nan lemond la rive sou bouch yon dezas ekonomik, plis yon enflasyon ki monte disèt wotè, manje ak amedikaman ki ra pou twouve, mete sou yon egzòd, yon fenomèn depeyizman kote plis pase 3 milyon venezuelyen pati kite dezas ak mizè k ap vale teren nan peyi a.
Administrasyon Trump la konte sou apui diplomatik Juan Guaido pa sispann jwenn mete sou sanksyon ekonomik ki jele revni an petwòl peyi a, pou l fòse Maduro kite pouvwa a ouyen pran tèt manm wo-kòmandman lame a pou yo dechouke lidè sosyalis la.

XS
SM
MD
LG