Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Fen yon Mouvman Leve-Kanpe nan yon Prizon apre 27 Jou


Fanmi viktim lese frape ki te genyen nan yon prizon nan venezuela kote 24 moun pèdi lavi yo.
Fanmi viktim lese frape ki te genyen nan yon prizon nan venezuela kote 24 moun pèdi lavi yo.

Prizonye ki nan yon penitansye o Venezuela ki a lès Caracas rann tèt yo bay otorite yo apreyon mouvmna leve-kanpe ki te dire 27 jou.

Minis enfòmasyon an, Andres Izarra, deklare sou rezo sosyal Twitter yo wete tout prizonye yo ki te apeprè mil nan prizon an, e sanble yo tout an bòn sante.

Prizonye yo te pran kontwòl lokal penitansye a mwa pase a aprè dezòd ki te fét nan yon lòt prizon ki tou prè a; sa te debouche sou yon mariaj kout zam ant prizonye ak manm gad nasyonal yo.

24 moun pèdi la vi yo nan dezòd la, pami yo te genyen yon vizitè ak 2 jandam.

XS
SM
MD
LG