Peyi Venezuela desann yon lòt fwa ankò valè lajan l lan e etabli yon to dechanj senp pa rapò ak dola ameriken an, yon fason , daprè yo pou bay ekonomi peyi a jarèt --yon ekonomi k ap fè ak difikilte.
Minis Finans la, Jorge Giordani, deklare jedi 30 desanm 2010 la , Caracas pral aplike to dechanj sa a apati demen 1er janvye a kote w ap bezwen 4 bolivar 3 pou yon dola.
Venezuela te konn itilize yon to ki te pi wo swa 2.6 boliva pou yon dola sitou nan kesyon enpòtasyon kèk pwodui tankou manje ak medikaman.