Accessibility links

San Viza, y ap fè move djòb: Moun Venezuela ki te kite peyi a tounen lakay malgre se pa sa yo vle

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Bryant Median, yon imigran ki soti Venezuela kap vann pen ki fèt tradisyonèlman o Venezuela ki rele bombas venezolanas nan komin Viktorya nan Lima, Pewou. 23 out 2017. Foto: REUTERS/Guadalupe Pardo.

Nan kòmansman ane 2016, Leandro Colmenares vann machin li ak apatman li e kouri kite Venezuela ki nan yon kriz ekonomik pwofon, e li fè menm jan ak yon pakèt lòt moun kap pati pou al lage kò yo nan lòt peyi Amerik Latin.

Colmenares, yon teknisyen nan reparasyon ekipman medikal, te tabli dabò nan Panama ak 7.000 dola nan men li. Lè li pa te ka jwenn yon viza e te lite pou l jwenn travay, li te tonbe nan fè move djòb tankou pentire kay e enstale fil elektrik pou 25 dola pa jou.

Chèf kizinye venezyelyen, Jorge Udelman, agòch, gen 34 tran, l ap prepare pou sèvi manje venezyelyen sou kamyon manje li a yo rele "Orale Arepa," nan yon pakin nan Mexico City, 30 mas 2014.
Chèf kizinye venezyelyen, Jorge Udelman, agòch, gen 34 tran, l ap prepare pou sèvi manje venezyelyen sou kamyon manje li a yo rele "Orale Arepa," nan yon pakin nan Mexico City, 30 mas 2014.

"Nan Venezuela, mwen tap travay ansanm ak doktè. Kèk mwa apre, mwen tap pase mòp nan yon magazen mèb nan Panama," se pawòl Colmenares ki gen 2 pitit gason, youn nan yo andikape. Apre sa, li te tante chans li nan peyi Kolonbi kote ankò li te fè djòb ki pat enteresan sitou nan kwit manje. Li te ouvè yon ti kafe ansanm ak lòt moun Venezuela, men sa pat mache.

Li di, "Bagay yo pat bon, mwen te nan grangou. Nan wikenn, mwen te konn manje sèlman yon fwa pa jou." E yon lòt fwa ankò, li pat ka jwenn viza.

Lè li fin pran twòp kou e pran pàn lajan, Colmenares te deside nan mwa Fevriye 2017 ke li pa t gen chwa, li te oblije retounen nan Venezuela san anyen nan men l e abò otobis – se deplizanpli gen moun Venezuela konsa ki oblije tounen lakay yo apre yo pa t reyisi koumanse yon lavi tou nèf lòt kote nan Amerik Latin.

Migran sa yo ki pa t pati lontan, anpil fwa yo pòv, yo vòltije moute abò otobis pou ale nan kèk kapital nan Amerik Latin ak sèlman kèk grenn dola e san gran espwa pou yo jwenn yon bon djòb.

"Peyi ke mwen te kite a te nan pwoblèm. Lè m tounen li te pi mal," se Colmenares ki pale konsa e li fè wè ke pri pwodui yo moute bwa e ke gen mwens manje sou etajè boutik yo. Li pase lajounen li lakay li nan sant vil Karakas, kote l ap grapiye pou l viv nan fè pat pou tamales, yon pate mayi.

Pandan plizyè dizèn lane apre 2èm Gè Mondyal la, ekonomi Venezuela a ki baze sou petwòl t ap byen mennen e sa te atire anpil moun ki te soti nan sid Ewòp la, e konsa Karakas te chaje ak boulanjri pòtigè ak bar espayòl.

Men pandan 18 mwa rejim Sosyalis, ak krim ki ogmante, ekonomi an ki sou lagraba ak manifestasyon politik te pouse moun jete kò yo nan Miami, nan Madrid ann Espay, ak nan rès Amerik Latin nan.

Sosyològ Tomas Paez estime gen 2 milyon moun Venezuela ki kite peyi a, yon peyi ki gen 30 milyon moun, e yo pati pi plis nan lane 2015 ak 2016, ane kote peyi sa a ki manm OPEP, Òganizasyon Peyi k ap Ekspòte Petwol, vin fè fas ak yon resesyon ki agrave. Konsa gen yon mank medikaman ke moun bezwen anpil, mank manje, yon enflasyon k ap galope, ak yon mank djòb legal.

Pandan ke nan tan lontan sete moun nan klas mwayèn nan ki te konn pati, nouvo migran yo se sitou pòv, sa ki ogmante chans pou yo mennen yon vi nòmal lè yo pati.

Pa gen chif sou kantite moun ki retounen, men ajans nouvèl Reuters entèvyouwe 10 moun Venezuela ki te pati apre Prezidan Nicolas Maduro te pran pouvwa a an 2013 e ki te oblije retounen.

" TOU SA W FÈ SE SIVIV "

Pou Miguel Blanco, yon sosyològ ki baze nan Karakas, degre mizè a nan moun k ap kite peyi a lakoz gen plis nan yo ki retounen. « Lè se faktè pwoblèm ki pouse moun yo jete yo, sa ka lakoz yo echwe daprezavwa yo pa gen lajan, » se pawòl Blanco.

Kèk kominote migran ekonomik ki soti Venezuela, bagay ou pa t wè fasil nan Amerik di Sid, yo parèt sanzatann anpil kote nan vil yo, depi Bogota nan Kolonbi pou rive nan Santiago Chili. Anpil fwa ou ka wè yo devan yon bak nan lari ap vann pate mayi tradisyonèl (ke yo rele tamales) oubyen yo frape pòt moun pou ofri yo swen bote.

Chef migrasyon nan Panama a fè konnen ke nan mwa Daout 2017, yon afè 2.000 moun Venezuela al tabli nan Panama chak semèn, konpare ak anviwon 500 a 600 anvan mwa Daout, mwa kote gouvènman Maduro a te kreye yon sipè kò palmantè ki te jwenn anpil kondanasyon nan opozisyon an e nan lòt peyi kòm yon aksyon pou sezi pouvwa a.

Ak anviwon 60 mil moun Venezuela ki déjà nan Panama, gouvènman an enpoze yon sistèm viza obligatwa pou yo antre nan peyi a.

Sipòtè gouvènman an nan Venezuela fè konnen pa gen anpil moun ki kite peyi a jan nouvèl yo fè kwè a. Administrasyon Maduro a kalifye moun ki pati yo kòm egoyis e kòm moun ki pa patriyòt. Ministè Enfòmasyon an pa t reponn lè nou te mande l kèk chif sou sa.

Kolonbi ki pataje ak Venezuela yon fwontyè 2.219 kilomèt ke moun janbe anpil kote san kontwòl, estime gen anviwon 36.000 moun ki antre lakay li chak jou, soti Venezuela, e yon afè 2.000 nan yo pa tounen nan peyi yo touswit.

Dasy Laguado, yon migran ki soti Venezyela, kap vann bwason tradisyonèl venezyelyen ke yo rekonèt kòm "tizana." Li twouve l nan Gamarra nan komin Lima a nan la Victoria, Perou, 11 Me 2017.
Dasy Laguado, yon migran ki soti Venezyela, kap vann bwason tradisyonèl venezyelyen ke yo rekonèt kòm "tizana." Li twouve l nan Gamarra nan komin Lima a nan la Victoria, Perou, 11 Me 2017.

Gerson Lopez, yon atis « graphic design » ki gen 30 lane, fè konnen yon konpayi pwodui bote nan Kolonbi pa peye l jan pou l te peye l paske li pa gen dokiman legal.

Lopez di, “ Travay anba tab gen anpil eksplwatasyon. Moun Venezuela ap fè travay ke moun Kolonbi pa vle fè.”

Lopez te retounen Venezuela ak 2 men vid vè finisman mwa Janvye 2017 apre li te bouke chache yon bon djòb nan Bogota, kapital Kolonbi a. Li di, "Ou dwe reflechi byen si w vle pati," e li ajoute yon pawòl ki fè l mal, "(men) isit la pa gen okenn opòtinite. Sèl sa w fè se bat pou ka siviv.”

XS
SM
MD
LG